Roody Roodboy ft. Darline Desca – Mpa Kye LYRICS

[Chorus] Pandan nan je ou m pi mal
Gen on lòt ki deyò a ki bezwen mwen
Ou di m m fè w bagay ki sal
Ou di m ou pa wè espwa avni w avè mwen
Si w vle kite m vle abandone m
M pa kyè – ki mele m
Oh m pa kyè – ki mele m (3x)
W ap imilye m, w ap plede blaze m
M pa kyè – ki mele m
Oh m pa kyè – ki mele m (3x) [Verse 1] Ou jwe ak santiman mwen Ou fè m pèdi tan mwen
Desann valè m ou pran menm fanm ki pran nan ran mwen
Pèdi lonè m devan fanmi m
Respè devan zanmi m
Ou strese m ou pa sispann blese m
Ou sans état d’ame
Wap mache DM tout fanm sou instagram
Lè m boude m fache ou di m kareman se pa dwa m
Vakans ou te vin pase nan vi m
Menm sou kabann ou pa menm ka pase anvi m [Chorus]

Pandan nan je ou m pi mal
Gen on lòt ki deyò a ki bezwen mwen
Ou di m m fè w bagay ki sal
Ou di m ou pa wè espwa avni w avè mwen
Si w vle kite m vle abandone m
M pa kyè – ki mele m
Oh m pa kyè – ki mele m (3x)
W ap imilye m, w ap plede blaze m
M pa kyè – ki mele m
Oh m pa kyè – ki mele m (3x)

[Verse 2] Se mwen k te fè erè m remake ou pat janm mezi pye m
M te aprann viv avè w ak tout defo w, m te reziye m
Kounya ou jwenn on lòt ou gentan bezwen ekzile m
M te fe tout efò pou m te ba w sa w te ekzije m
Fò w reflechi nan lavi sa, ou pa santi w fè twòp pou laj ou
Ou fè neg la pase pou fanmi w e poutan se mennaj ou
Ou trete m tankou yon vye rejè poutan se ou k te pye lejè
Mache apante tout berejèn tout sa w fè m yo la w ap peye l chè
Ou tèlman ban m bil m rele m bilolo
Toujou sou batay sou mete kimono
Sou pawòl anpil sou meli melo
Aprè dezan m konnen w ou gen 2 nimewo
Lanmou n koule kou bato taytanik,
Ou tounen on demon espri Satanik
Ou konn di w Delmas epi w Lamalik
Pa vin ban m presyon pa vin bay panik
Ohhhhh – ki mele m
M pa kyè – oh m pa kyè
Ou pa menm ka mennen m sou pik makaya menm
Ah m pa fout kyè
Rale kò w la gatorade ou pa menm dous menm
Ahahaha

About jarcbeats

Check Also

4th of July

What can go wrong on a 4th of July?

The 4th of July is a day of celebration, patriotism, and fun for many Americans. …

2 comments

  1. My business is really galvanized this particular resources.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Exit mobile version