Kreyol La – Mennaj Ou Enève’m

[Verse]
Poukisa pou m lite, pou m gen tout sa m reve
E yon lòt posede sa l vle, san li pa merite l
Yo di mwen se sa lavi
Kote k gen chènn, pa gen kou cheri
Men lè m wè l san m bouyi
Ou wo, lè m wè l, tèt mwen pati

[Verse]
Mwen mache san rete, mwen swiv ou tout kote
Ak lespwa yon jou va rive ou m’a kapab pwoche ou
Elas mizè m pap fini, paske nonm sa pa banm chans cheri
Men lè m wè l san m bouyi

[Hook]
Menaj ou eneve mwen
Cheri, menaj ou eneve mwen
Menaj ou eneve mwen
Si’w ap tande, di l’ sa pou mwen tanpri
Menaj ou eneve mwen
Woy! Li pran tou sa m’te reve
Menaj ou enève mwen
O wi, fòs mwen, nanm mwen
Sa fè m mal lè li touche w
M’paka wè lè li pwoche w
Tout san m pike

[Guitar groove]

[Bridge]
Men se fòt lanmou
Se li ki rann mwen mechan
Men se fòt lanmou (Ki fè m rayi l’ otan)
M’anvi ou renmenm menm jan
Pataje lavi w otan
Di’w mwen renmen ou tout tan
Enbesil la pa janm banm tan

[Chorus]
Si’w te ka di mwen (Kijan pou m pwoche w)
Cheri tout sa m fè ou pa wè (Kijan pou m pwoche ou)
Mond sa a pou mwen a lanvè (Kijan pou m pwoche w)
Nonm sa a pou mwen se lanfè (Kijan pou m pwoche ou)
Pi gwo kochma m sou latè

[Verse]
Defwa m’swete malè rive, ak yon lòt fanm pou ta kenbe li
Pa konn kisa m’ta envante pou m wè demen nou fout kite
Yo rakonte m jan li gate w, tout vid nan vi w kijan l konble li
M’paka goumen, si l pa gen pou repwoche

[Keyboard solo – Fabrice Rouzier]

Fabrice m’wè tout koulè, sèl klè m’pa wè!
Cheri m’ap mouri wi!
Wooo, wooo
Chapapedpapidipapadpedaw!

[Chorus]
Kijan pou m pwoche w
Men cheri, tout sa mwen fè w pa wè (Kijan pou m pwoche ou)
Kijan mond sa pou mwen a lanvè (Kijan pou m pwoche w)
Nonm sa pou mwen se lanfè….lanfè!

[Guitar solo – Loulou]
Manman!
Loulou, I believe bro
Woule, woule, woule
Ici Kreyol la!
Fanatik Kreyol La, ou kwè y’ap janm jwenn bout nou? Heheeey!
Cheri, mennaj ou ap tiye m wi.
Wo wo wo

[Hook]
Mennaj ou enève mwen
Men cheri, mennaj ou enève m
Mennaj ou enève mwen
Si w ap tande, di l’ sa pou mwen tanpri
Mennaj ou enève mwen
Li pran tout sa m te reve
Fòs mwen nanm mwen
Sa fè m mal lè li touche w
M’paka wè li pwoche w
Tout san m pike

About jarcbeats

Check Also

4th of July

What can go wrong on a 4th of July?

The 4th of July is a day of celebration, patriotism, and fun for many Americans. …

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Storytime of a supermodel drastic change Roody Roodboy Net Worth pele net worth Paradise of Haiti Mikaben Izolan Net Worth 10 side hustle