MikaBen – Nwèl Tristès LYRICS

[Verse 1]

Yon 24 desanm mwen t’ap mache nan lari Pòtoprens
Se avèk tristès mwen rankontre yon ti pòv k’ape di mwen
Pou mwen sa se pa Nwèl, s’on flèv mizè k’ape koule
Ou kapab trouve l bèl, ou gen fanmi ki pou gate w
Mwen menm m’pa gen pèsonn, mwen just ap bat dlo pou m fè bè
Si’w wè m mande lemond, se paske m vle yon Nwèl meyè

[Hook] M’di Tonton Nwèl kote ou ye
Nan yon peyi moun pap fete
Mwen di Bondye kote ou ye
Pot delivrans pou malere

[Verse 2] Yon 24 desanm mwen t’ap mache nan lari Petyonvil
Ti kè m dechire lè m t’ap gade yon ti granmoun k’ape plenyen
Depi 75 an m’ap mennen yon vi difisil
Pa gen ‘on moun ki f’on jan pou banm yon ti dra pou m kouvri m
Ou te mèt pa gen nanm, ou dwe konprann jan m’ap soufri
Bondye si’w te ka pran m, mennen m avè w pou m sa souri

[Hook] M’di Tonton Nwèl kote ou ye
Nan yon peyi moun pap fete
Mwen di Bondye kote ou ye
Pot delivrans pou malere

[Verse 3] Yon 24 desanm mwen t’ap mache sou Pòtay Leyogan
Ke m te gen lapenn lè m t’ap koute yon ti fi k’ape kriye
Yon pa janm ban m anyen, men mwen te blije reziye m
Lonje ‘on poupe banmwen, se pa de kontan m’ap kontan
Lè Nwèl sa a fin pase, se domaj g’on lòt k’ap tounen
Si w wè m dekouraje, se paske m’ape mal mennen

[Hook] M’di Tonton Nwèl kote ou ye
Pot delivrans pou malere
Mwen di Bondye kote ou ye
Nan yon peyi moun pap fete

About jarcbeats

Check Also

Roody Roodboy, Mimi Miaw Lyrics, Instrumental, Video Clip

Roody Roodboy, MiMi Miaw Lyrics Oh nah nah nah nah Blòd blòd blòd blòd pa …

One comment

  1. hello!,I love your writing very much! percentage we communicate extra
    approximately your post on AOL? I require a specialist on this area to solve my problem.
    Maybe that’s you! Looking forward to look you.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Storytime of a supermodel drastic change Roody Roodboy Net Worth pele net worth Paradise of Haiti Mikaben Izolan Net Worth 10 side hustle