Trouble Boy – Kisa W Tap Fè Lyrics

[Verse 1] Pandan machin li pran pàn m desann pou m depane l
M tou pran nimewo l epi nou plede pale
Depi lè n fin rankontre m fou pou li san bonbòn
M gentan ba l ochan san twonpèt san twonbòn
Se pa nenpòt ki fanm elle est jolie elle est bonne
Nou vin ensenparab kou palmis ak tonton
Li prezante m manmi, li prezante m papi
Li prezante m bèl kouzin bèl tati ak tonton
Lè l fin prezante m fanmi l mwen di cheri pran ton temps
Li di m li pran tan déjà sa fè l plezi li kontan
Li di m li pap fè m sekrè, li se tablo li se krè
Kòmanse rakonte m vi l li mande m èske m prè

[Pre-hook] Li di m mwen renmen w li di m se li ou mwen vle
Mwen di l mwen renmen l tou mwen vle tout sa w vle
Li di m avant ou gen bagay pou n pale
Mwen di cheri vini ou mèt di m tout sa w vle
Ohhhhh ohhh
Li di m li s on pwostitiye
Ohhhhh ohhh
Li di m li s on pwostitiye

[Hook] Li di m li s on pwostitiye
Li di m li s on pwostitiye
Li di m li s on pwostitiye
Li di m li s on pwostitiye

[Verse 2] Li di m li poukont li tout fanmi l sou kont li
Peye lekòl se li, peye kay se li
Lopital se li, li k rele, li k reponn
Li oblije vann kò l pou l met nan asyèt ak bòl
Bourik fè pitit se pou do l poze
Men lasosyete pral mande koze
Li di m pou l fè kòb l ouvri pye l pou lanmou l ouvè kè l
Kòm li sensè avè m èske m ap ret avè l

[Pre-hook] [Hook] [Keyboard Solo] M damou m damou nèt

[Outro] Nan plas mwen di ki sa w tap fè
M vle di mwen kisa w tap fè
Nan plas mwen di ki sa w tap fè
M damou m damou nèt

About jarcbeats

Check Also

4th of July

What can go wrong on a 4th of July?

The 4th of July is a day of celebration, patriotism, and fun for many Americans. …

One comment

  1. I have been browsing online more than 2 hours today, yet I never
    found any interesting article like yours. It’s pretty worth enough for me.
    In my opinion, if all web owners and bloggers made good content as you
    did, the net will be a lot more useful than ever before.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Storytime of a supermodel drastic change Roody Roodboy Net Worth pele net worth Paradise of Haiti Mikaben Izolan Net Worth 10 side hustle